Kowonasirèl


Yon kout tafya
2020 gagari l 
Nan fistigwenn li
Li pat konnen si l tap sou 
Pou jouk li rive ri
Kou la Mèsi k al larivyè
Kite lespwa sou manje eskwad


Ane sila
Lanmò tankou twal dakoun    
Nan kivèt fanm salòp
Lanbinen ak klowòks
Tout vire l se tou
Tou
Toupatou
Tou, tou


Boujwa twalèt ak yon pafen
Pou malere pa pran lodè li


Ko... rèl
Rèl, men rèl

Gade san touche
Kole pye se lamòd
N ap ateri

Gran manjè koupe apeti l
Pou l pa voye kaka rèl
Yon latriye rèl


Gen sila ki di 
Pouki n te fèt
Lòt sila san lang yo di
Si n pat fèt 
Kouman n ta vin aprann
2020 te marasa: 20, 20




*Sharlyne Verdieu*

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Croire en cette jeunesse de Petit-Goâve malgré les résultats aux examens de 2025

ou sonje mike

À Sanite, au jardin du livre