Powèt yo gen zèl (Abraham Handgod)






Powèt yo gen zèl

Bote kè m ak kè w jayi lanmou
Tout koulè lapli
Bay lang nou zye l
Yo klere tankou krèy bòbèch
Yon bann fatra
Tou limen
Pou se yon twokèt lafimen

Bonbon siwo double lang mwen
Li fè m depale
Se vwa w ki fè chemen nan san m
Vavari miyank-miyank
Vavari Pwenba

Kòdvokal mwen se yon zefele

Se yon chanson damou m ap chante 

Tèks sa se yon powèm kolektif, yon egzèsis ki reyalize nan kad yon atelye sou pwezi powèt Handgod Abraham te anime nan « Jardin du Livre » jou ki te 5 desanm 2019 la nan kad preparasyon 6e edisyon Livakte.


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Croire en cette jeunesse de Petit-Goâve malgré les résultats aux examens de 2025

ou sonje mike

À Sanite, au jardin du livre