Kowonasirèl
Yon kout tafya 2020 gagari l Nan fistigwenn li Li pat konnen si l tap sou Pou jouk li rive ri Kou la Mèsi k al larivyè Kite lespwa sou manje eskwad Ane sila Lanmò tankou twal dakoun Nan kivèt fanm salòp Lanbinen ak klowòks Tout vire l se tou Tou Toupatou Tou, tou Boujwa twalèt ak yon pafen Pou malere pa pran lodè li Ko... rèl Rèl, men rèl Gade san touche Kole pye se lamòd N ap ateri Gran manjè koupe apeti l Pou l pa voye kaka rèl Yon latriye rèl Gen sila ki di Pouki n te fèt Lòt sila san lang yo di Si n pat fèt Kouman n ta vin aprann 2020 te marasa: 20, 20 *Sharlyne Verdieu* Répondre Transférer